yon moman

-Manman mwen mande'w si'w te konn bagay sa?
-Kalanri tande'm…
-wi manman.
-koman maryaj la te pase?
-manman epa de maryaj n'ap pale laa...
-de kisa n'ap pale Kalanri?
-Mwen mande'w si ou dako pou mwen a Jozefinn maryea.
-Kal? Te kwe ou fèk sot di'm epa de maryaj nap pale?
-manman? Ou kwè se pou Pastè Erod ou te di'm vinn Pwentaraket la? Ou kwe se pat pou lot afew?
-wi kalanri m'te konnen yo te bezwen maryew a Jozefinn men si'w panse m'ap fose'w marye avel  ou twonpew. Se ou ki konn saw vle m'pa anvi ou met ankenn chay sou do'm.

Li femen telefòn nan nan figim. Nan vwal m'te ka wè li fache, li te vle sa tou menm si m'konnen li pa vle paret trò enpozan. Apre m'finn pale ak manman'm maten an gen yon paket bagay ki monte nan tet mwen. Manmanm renmen Jozefinn tankou pitit li. Jozefinn chwazi vinn infimyè menm jan a manman'm. Yo te renmen pase tan ansanm, Jozefinn te toujou avel tankou on apranti. Map panse ak sa epim di tet mwen: "si Jozefinn pa't vle avem se petet paske li te konsidere tet li tankou sèm".

Sa fem souri. Mdepoze tet mwen sou kabann nan poum reflechi.

Jounen an fini, m'soti mal jwenn pastè Erod lakay li. Li te sanble vinn pi jèn, fow ta di sè Kamèn te fel dekouvri kote lajwa kache, epi m'pa kwe li te jwenn sigaret ak kleren achte tou. Antouka li te fe'm panse a tout bonè maryaj pote nan lavi on moun. Nan kè'm, mwen swete Jozefinn ap pote menm moso soley sa nan lavim.

-ou gentan benyen? Men kostim nan papa.

Pastè Erod se parenn maryaj la. Byen ke nou pat prepare li tap fe efò pou sa byen pase.
"Se pa konsa mte imajine maryaj mwen an tap fet, men sa map di konsa mpat janm gen pwojè marye kijan mfè laa? ": mwen pat gen repons yo mte kontantem eseye kostim pastè Erod te pot pou mwen an. Li edem abiye pandan lap rakontem jan lin de myel la te ye. An rezime tout sal te fe se te manje epi admire bel fanm.
-e lanmèa?
-ki koze lanmè sa e ou ki pa konn lanmè nan tout kote ki gen potoprens  ou chwazi w'al rete laboul nan tou woch mwen se chak jou mwen wè lanmè.
-kounya ou reyalize sè Kamèn te ka anvi we lot bagay ke lanmè.
-nou tal kenskof Kalanri si e sa ou anvi tande li pran bon jan fredi epil we plantasyon chou ou kontan?
-laa se lakay mwen si m'anvi montre on moun bel plaj map vinn Pwentaraket mpap mennenl Labadi.

Nou finn abiye nou pare pou'n soti. Mpataje avek pastè Erod anvi mgenyen poum we Jozefinn nan.

-tann wap wel talè epi on jou ou pap anvi wel anko, ou met kwem.

Deyoa te gen on paket moun ki tap monte desann. Mwen ak pastè Erod nou bwe on ti wiski nou pale te politik "eske Aristid ap prezidan anko apre twa zan exil"

-mpap al vote non tonton Erod, mpa konn pou ou men mpap al vote.

-men sa pa tap etonem si sa ra rive.

Ajitasyon yo te diminye deyoa. Mwen a pastè erod nou soti deyoa te diferan. On bel dekorasyon te fet pou maryaj la mpat atann mwen a sa sè Kamèn tap fè tout sal kapab pou maryaj la te on siksè. Men mwen sel sak te nan tet mwen se te Jozefinn. Pastè Erod ralem sou kote poul pale avem.

-Mwen bezwen yon kay potoprens.
-tout bon?
-wi on bel kay, poum vinn pase ti vakans yo.

Li fè on min lè li ap di sa, Mkonprann.

-oumenm ki bezwenl oubien sè Kamèn. Li pa vle deranjew komsi pou lap plede desann lakay ou. Ou konnen Jozefinn ap antre avew potoprens. Fol vinn we pitit li.
-manvi manje lanbi.
-Kalanri?
-map regle sa pou ou. Kibo ou vlel kenskof?
-non non mwen pap ka pran fredi sa.
-anben boutilye?
-Li pa oblije prew non
-kwem se pa sa mvle. Map chechel pou ou.

Anvan li ale mwen kouri kenbe menl. Mwen veye si pa gen moun tou pre a.
-kiyes ki lèlèn nan ?
-lèlèn?
-Rozlèn.
-de kisa wap pale laa?

Poum fel sonje mwen rakontel sèn lè li te sou a. Malgre tout efò mfè li pa sonje anyen. Se te tan pèdi.

-evite sou devan sè Kamèn tanpri ou ka mete'm nan cho.

Mwen salye Janpòl. Chak dimanch depi apre Pastè Erod t'ale nan lin de myel la se li ki preche legliz la. Mtanvi kontinye relel Janpòl men on moun fem konnen ke se li ki te renmen avek Mari a. Depi jou sa mwen relel pastè Janpòl. Sitou se li kap selebre maryaj mwen. Mwen pa anvi sa fini mal ant mwen avel paske mwen te fe on ti kouche avek menaj li.

Anfen li katrè. Tout moun tap tann Jozefinn. Kleren te chita nan mremye ban epil tap souri. Se biza mte trouve tout moun abiye komsi se te maryaj la rèn dangletè. Mremake sè Odèt kap pale nan Zorey sè Kamèn : de maryaj nan yon mwa, ou leve gwo lo.

Jozefinn antre, ròb li blan kou nèj. Li se prèv ke fanm bel san makiyaj. lap vinn sou mwen tankou on zanj.

Tout seremoni an te paret long mwen pat ka tann pou maryaj la fini poum antre potoprens a Jozefinn. Kem ap bat vit.

-Nooon!!

Tout moun vire gade kiyes ki vinn entowonp maryaj la. Kiyes ki pale fò konsaa. On sel kou msanti kèm sispann bat tanperatim bese. Se te Mari : Non!! mansent pou Kalanri.

Bạn đang đọc truyện trên: AzTruyen.Top