lanmou pa toujou triyonfe

-se pa komsi m'te on bon egzanp menaj non, plen rezon ki te ka fè on moun pè fe'm konfyans
-si moun nan pa konn sal vle lel jwenn yon bagay ki bon lap cheche youn ki miyo. Men poukisa nap pale de sa kalanri?

Franchman m'pa konn kijan m'fe rive nan sijè saa a Elèn, m'ret kwe mwen pa't palel de Jozefinn. Elèn te gen rezon Jozefinn pa konn sal vle e si l'ap cheche on
moun miyo ke mwen m'swetel bòn chans.
kòm mpat reponn kesyon li an li chanje sije: mtande pale de mòn lapyè..
-ou anvi ale?
-wi, se vizite m'vinn vizite
Mri epim dil: "mòn lapyè pa Lagonav non se Gonayiv oui li ye ou genle te mal tande"
Li gadem komsi li tap reflechi. Mri epim dil:“epavre map mennenw”

Elèn t'ap mache sou plaj la, mwen t'ap gadel. Lalinn nan gentan limen nan syel la m'te chita anba on ti pye kokoye. Mtelman gen souvni anba pye kokoye saa,  mte ka pedi nan souvnim yo poum reviv chak ti moman men sa'm te gen anba jem nan te pi enteresan. Elèn tap jwe a dlo lanmea, limye lalinn nan klere'l m'te wel byen. cheve kout, bel fom kò, tetel pa ni tro gro ni trop piti yo ase yo pou fe'w fou. Jem pedi nan fom deye'l, pa gen anyen ki kouvri kuis li. li gen tout sal bezwen pou fe on gason damou, Fanm nan pafè. Mwen pa't janm we Jozefinn konsa li bel tou men se pa pou sa m'te renmenl. Elèn t'ap avanse sou mwen li te potre lasiren, yon bote san parey men se komsi mwè li te gen anvi manjem. De jel limen tankou zetwal. Mpa konn si se reve mwen t'ap reve men tank li t'ap rive sou mwen se komsi mwe ti vizaj inosan li an te disparet poul tounen on aktris fim pou granmoun. Mte preske voye tankou timoun ki fek we fanm, men m'pa t'ap renmen pou si sa tap rive pi lwen pou Elèn vinn jwenn mwen sal kom sanl poko manyenm, sitou ke se t'ap premye fwam avel. M'rele sou kòm m'ralel vinn sou mwen epi'm fe sam konn fe pi bien an.

Nou al fini sa lakay. Li pa't di sa men janl t'ap souri a m' santi li te renmen sa, wi li te renmen sa mte o komand. Lem leve maten an Elèn te kouche bo kote'm nan. M'chita sou pwent kabann nan epi m'ap sonje pou'm prepare sa'm pral di nan maryaj la, m'ap sonje pou komanse prepare koktel la pou maryaj la, map sonje pou'm prepare vizit gide Elèn nan epi map sonje tou lem gen tan poum di Elèn li te manke metem kawo yeswa, dil ke mta byen renmen li fe sal te fea anko paske sa te anvoute'm . M'leve m'fe kafe, kom li potko leve m'kite on ti not pou li msoti.

Mrive anba ti tonel yo tap fè a yo te kite dekorasyon yo pou pita. Maryaj la tap fet nan maten, mpa souvan we maryaj potoprens yo fet nan maten yo plis fet nannuit. Tout koleg mwen yo se nannuit yo te marye. Mgen lenpresyon se pou Pastè Erod a sè Kamèn ka gentan al potoprens epi pou yo pran direksyon labadi. Kek moman apre Kleren paret avek kat galon kleren blan.

-mte diw twa.
Mte santi li pa tap kont: li reponn mwen.

Pastea antre li pran twa ti gode m'pa bwe men m'pran, byen vit Kleren sou li kouche sou tab la li domi  epi pastè erod tonbe pale. M'toujou ap mande Koman on moun ki bwe kleren preske chak jou ka rive sou vit konsa, mte toujou panse manmanm se te youn nan fanm pastè Erod yo menm jan a sè Kamèn epi on paket lot anko.

-m'te toujou renmen manman'w se ave'l m'te sipoze ap marye men fanm sa telman difisil menm manyen m'te pè manyen'l. Defwa m'konn anvi paret devan lakay lia toutouni pou'm rele byen fò "Rozlèn mrenmenw, Lèlèn map fou pou ou". Mpa konn sa pastèa t'ap rakontea manman'm pa menm rele Rozlèn. Menm jan m'te konn fè lèm te gen 12 an mantre ave'l pou'm desoule'l. mwen pa't anvi on fidel we pastèa nan eta sa ni tou mwen pa't vle sè Kamèn vinn tonbe sou pastèa kap rele byen fò Rozlèn m'renmenw. Lè'm soti Kleren tap domi toujou li trò sou poul mache men m'reveyel kanmenm epi male.

Lem tounen Kleren te sou tab la roujou. M'te jwenn kek timoun edem m'te sot achte melon pou koktel la. Mwen mete yo anndan mal chita sou tab la ak Kleren, pastè Erod te ret anndan. Se te denye jou repetisyon pou maryaj la. Detan nou chita m'tande de vwa kè'm konnen byen kap vini se te Jozefinn avek Elèn tout yo tap palea yo tap ri mpa konn sa yo tap di men sou kek mo m'te tande Elèn itilize aksan moun okap lia menm si se te tou piti.
-Mpanse ou tap tounen wi mpa menm gentan wew maten an
-map vini Elèn
-ok Jojo
-Saw vinn fe laa?
-mvinn ede Jozefinn pou repetisyon an map vini, men kle aw pou siw bezweny

Jozefinn pat menm salyem siman li fache avem poutet Elèn epoutan li bay Elèn bò mpap janm konprann fanm sa.

-ey Dyeswa ou la?
-Wi m'la, m'la
Li leve menl poul pran kleren anko m'pasel on tap li depoze godea.
-Eou kap sevi koktel la demen wi, ou gen rad?
-wi pa inkyetew
-epi evite bwe pou pa sou.

Lem finn di fraz sa msantim pi sou ke ni li ni pastè Erod paske mwen mete chat veye manteg epi map fel menas.

Nou deside antre kay pastè Erod la poun al fè preparasyon detan nap monte mgade mwen Elèn ak Jozefinn kap pale yap ri, kom yo remakem tou Elèn kontinye ri epi li voye men banmwen, Jozefinn mare minn li epil vire tet li. Talea pastè Erod sot dim sè Kamèn pa't fanm li te anvi marye avel la men men lap marye kanmenm. Mpat konn sa mta pral di nan maryaj saa men konn sa mwen pap di paske lanmou pa toujou triyonfe.

Bạn đang đọc truyện trên: AzTruyen.Top