Elèn
-Elèn!!
Si m'te paret on jan kontan le'm we Elèn nan, se paske tout bon mwen te kontan we Elèn, aparaman limenm tou. M'serel nan bra'm, mwrn pa't anvi lage'l. Li te santi bon, kòm dabitid. Li te vinn pi bel menl te toujou ret menm wotea.
-ki bon van ki mennen'w nan payanm?
-Kalanri cheri ou konnen m'pa pale konsa anko. Anben kisa, m'potko konn lakay ou, m vinn we'w.
-bienvini lakay mwen Elèn.
-Jozefinn pran devanw sou kou saa.
Li ri. Jozefinn t'ap suiv Men le fe sanblan li te lwen.
-ou pa grandi.
-w'ap cheche'm kont epavre? Yo di'm ou ap cheche on asosye?
-kiyes ki diw sa?
-tout moun fow ta di se sa selman kap pale potoprens tout moun mkonnen nan domèn nan ap pale de sa. Ou genle gentan fe non'w Kalanri?
-wi m'komanse wi. Mbezwen on asosye tou m'poko konn kisa Jerœm deside.
-Epa neg madanm li tronpe'l avew la? Miche baw vag m'tande, mpa konnen.
Mri:sa vle di mpoukom?"
Mwen te sipoze pote yon kado sot Potoprens pou moun kap marye yo men pesonn pa't dim anyen. Manvi soule tout moun pandan maryaj la, mwen t'ap di sam vle nan maryaj la pesonn pa tap ka di'm anyen.
-Kleren, ey vini'm pale'w?
Li gad anwo li gad anba, bien vit Dyeswa avanse sou mwen
…saw genyen wap mache tankou moun k'ap kachea?
-eou saw genyen w'ap rele'm tankou moun ki an afèa, gro midi saa.
Epa paske yo pat dim anyen an non ki fe m'fachea e paske m'pa gen kado poum bay lamaryea ki neve'm. Kounya pastè Erod dim poum al selebre maryaj li. Mwen selman ki konnen sa'm ta dil, mwen selman. Antouka m'peye kostim, m'peye lin de myel vouzan pou ni li, ni lamaryea.
-mbezwen kleren.
-ki kleren? sa pou fel?
-poum fe on koktel. Pesonn pat di'm te gen maryaj. Mpat konnen pou'm te pot anyen. M'bezwen twa galon kleren blan, mpa gen kob poum achte ròm.
-on galon pou koktel la, de galon pou nou?
-ki nou saa? Twa galon pou koktel la? Epi bese vwaw
-anben se yon doum bagay ou pral fè?
Mwen te kite Elèn lakay la, li t'ap enstalel, mwen te di'l map vini bien vit. Jozefinn te gentan soti, Mwen te santi li te malalez m'pa konn poukisa. De tout fason mte gentan bliye sal te fem yeswaa e sil vle li met kenbe kle kay la. Jozefinn se te denye problem mwen. Si li pa vle'm, anben mwen tou m'pa vlel.
M'pase devan legliz la yo t'ap monte on ti tonèl pou resepsyon an. De lwen mtap suiv pastè Erod ki tap bay bòs yo enstriksyon. Kiyes ki ta pral kenbe legliz la de tan li pral labadi avek sè Kamèn nan? Poukisa li pa't bay moun k'ap kenbe legliz la pou li a selebre maryaj la? Li pa t'ap di'm li t'ap marye pouki li pa't tann mwen ale pou'l te fe sa? Epitou li pa tro granmoun pou sa? Ki laj li karantan? Senkantan? Mwen santi m'ta disparet. Kòm li remake'm li fèm siy poum vinn jwenn li.
-saw panse? Ou twouve tonèl la bon?
Mtanvi reponn li non. Pa selman pou tonèl la men pou tout sa kap fet la. M'pa reponn, m'deplase. Pa deye legliz la, yo ta pral fe repetisyon pou maryaj la Jozefinn te nan medam ki ta pral fe kotèj la.
-kiyes saa?
-en?
-pa dim en si li te fou ap chechew konsa li konnenw byen. Kiyes saa?
-Elèn se zanmim woy!
-zanmiw?
-saw gen laa on sel kou a Jozefinn? Epa ou ki pat ret sou mwen an yeswaa?
-Ou tap ri avel talea, natirelman. ou pa jnm ri le w'ap pale ave'm
-ki rapò? Ki bagay sa wap pale laa?
Jozefinn tap gadem komsi li te anvi rachem fe moso. Mte gen chans repetisyon an ta pral komanse. Male sanm pa di pesonn male.
Vè sizè mwen a Elèn nou soti. Pwentaraket pa yon referans nan koze touris men gen bel ti kote pa exanp nou gen bel plaj, e se egzakteman la nou prale. Nou pran direksyon plaj la. Tout rout la nou tap pale. Maprann ke menm jan avem li pa gen moun nan vi'l, Mpa konn poukisa sa te fe kem kontan.
-Kaloulou, ou te dim gen flaman roz
-ou anvi we yo?
-wi mpoko janm we
-pat genyen an frans?
-mpa konnen, mpat cheche
-komansa te ye lotboa?
Li rakontem sejou li an frans lan, Li eskizel deske li pat vinn nan anteman grann mwen, li palem de relasyonl ki fini mal siman paske li ta pral kite lafrans poul tounen Ayiti. Li te komanse ta, soley la te gentan kouche.
"Mpat pedi tan, mpran diplom mwen mtounen": li reponn mwen avek on ti souri.
-m'te renmenw Elèn
Li gadem li di: ou te?
Mri, li kontinye : mte konnen oui
-ou te konnen?
-wi, mte renmenw tou
-Ou te?
Kom nou tap mache sou plaj la li kanpe li wose sou pwent pyel li bom epil dim: ou renmenm toujou, mwen tou.
Sèn nan te pase vit, mpa konn poukisa m'te dil m'renmenl. Mte on ti jzn regret. Mtanvi kouri, kouri al jwenn Jozefinn poum dil ke plis lap fem soufri se plis map renmenl.
Bạn đang đọc truyện trên: AzTruyen.Top